Anrejistreman yon konpayi (kreyol) - Informashon tokante Gobièrnu di Kòrsou

Ministerie van Sociale Ontwikkeling, Arbeid & Welzijn

Anrejistreman yon konpayi (kreyol)

Konpayi ak òganizasyon fèt pou yo anrejistre nan sektè travay la ki fè pati Ministè Travay ak Byennèt Sosyal (SOAW). Anvan yon konpayi fè yon demann pèmi, li dwe anrejistre nan sistèm sektè travay la.

Nou anrejistre tout enfòmasyon enpòtan konpayi a, ak responsab jiridik li nan sistèm sektè travay la. Enfòmasyon tankou: kisa yo fè nan konpayi sa a, kiyès ki mèt konpayi a ak ki kote li ye. Bi a se pou kontwole enfòmasyon yo, konsa nou ka garanti aplikasyon lwa travay yo, garanti bon jan enfòmasyon ak esplikasyon o sijè de konpayi a ak moun ki enterese epi tou pou nou ka fè etid nesesè.

Si yon direktè otorize yon moun, ki pa t enskri sou sètifika Chanm Komès la, pou li vin anrejistre konpayi a nan biwo sektè travay la, moun sa a dwe genyen yon dokiman ki otorize l fè sa, ak yon pyès d idantite.

*** Li entèdi pou yon moun efase nenpòt enfomasyon ki nan rejis travay la . Si gen yon chanjman nan kèk enfomasyon konpayi a, moun ki konsène a fèt pou li anrejistre konpayi a de nouvo nan sektè travay la. Natirèlman moun nan dwe remèt tout dokiman ki nesesè yo pou nou ka fè sa ***
Fòm Jiridik yo

Diferan fòm jiridik  pou  anrejistre  konpayi  yo:

  • Sosyete prive / Besloten vennootschap (B. V.)
  • Sosyete Anonim / Naamloze vennootschap (N.V.)
  • Sosyete kolektif avèk siyati / Vennootschap Onder Firma (V.O.F.)
  • Sosyete an Patenarya / Commanditaire Vennootschap (C.V.)
  • Sosyete Anonim / Sosyete kolektif  ( Maatschap )
  • Fondasyon ( Fundashon )
  • Asosiyasyon kolektif ak siyati(Vereniging Met Notariële Akte)
  • Patenarya piblik (Openbare Maatschap)
  • Antite piblik legal (Publiekrechtelijke rechtspersoon)
  • Asosiyasyon pwopriyetè (Vereniging van Eigenaars)
  • Koperatif  an asosiyasyon ( Coöperatie en Onderlinge Waarborgmaatschap)
  • Biznis yon sèl moun / Persona natural / Eenmanszaak

Dokiman pou remèt 

Tout konpayi oswa òganizasyon fèt pou yo remèt yon seri dokiman nan nan biwo yo anrejistre a.

Reprezantan jiridik / Persona hurídiko (Sosyete anonim /Naamloze Vennootschap (N.V.) en Sosyete prive / Besloten Vennootschap (B.V.)

  • Estati
  • Pèmi  establisman an
  • Sètifika enskripsyon nan  Chanm Komès la (orijinal ak tenm epi siyati Chanm Komès la, mwens ke 6 mwa)
  • Sètifika enpo  (nimewo taks ke yo ba ou nan biwo enpo a. / number di Crib)
  • Rapò  konfimasyon biwo SVB
  • 50, floren- Frè
  • Kopi kat d idantite direktè a ki poko espire oswa moun ki responsab biznis la (PA paspò)
  • Adrès ofisyèl kay direktè a, oswa moun ki responsab biznis  la
  • Salè/antre/onorè direktè oubyen moun ki responsab biznis la
  • Papye ki montre ki nivo edikasyon oswa fòmasyon ke ou rive
  • Adrès elektwonik konpayi a
  • Nimewo  telefòn  konpayi a
  • Si gen travayè, non ak nimewo kat d idantite  travayè a

Biznis yon sèl moun / Persona natural (Eenmanszaak)

A. Si pwopriyetè a gen nasyonalite Olandè

  • Pèmi  establisman an
  • Sètifika enskripsyon nan  Chanm Komès la (orijinal ak Tenm epi siyati Chanm Komès la, pa  mwens ke 6 mwa vye)
  • Sètifika enpo  (nimewo taks ke yo ba ou nan biwo enpo a. / number di Crib)
  • Rapò  konfimasyon biwo SVB
  • 50, floren – frè
  • Kopi kat d idantite direktè a ki poko espire oswa moun ki responsab biznis la (PA paspò)
  • Adrès ofisyèl kay direktè a oswa moun ki responsab biznis  la
  • Salè/antre/onorè direktè oubyen moun ki responsab biznis la
  • Papye ki montre ki nivo edikasyon oswa fòmasyon ke ou rive
  • Adrès elektwonik konpayi a
  • Nimewo  telefòn  konpayi a
  • Si gen travayè non  ak nimewo kat d idantite  travayè a

A. Si pwopriyetè a se yon etranje avèk nasyonalite Olandè, li dwe genyen yon pèmi establisman.  

  • Ou ka jwenn tout  pèmi  etablisman  nan Ministerio di Desaroyo Ekonómiko
  • Tout ekzijans ke yo  mansyone nan pwen A konte pou tout pwopriyetè  ki gen nasyonalite Olandè

Asosiyasyon

  • Nimewo taks ke yo ba ou nan biwo enpo a/ Number di Crib (ou ka jwenn li nan Biwo Ontvanger a)
  • Estati asosiyasyon an
  • Pèmi asosiyasyon an
  • Sètifika enskripsyon nan Chanm Komès la (orijinal ak Tenm epi siyati Chanm Komès la, pa mwens ke 6 mwa )
  • Sètifika enpo (nimewo taks ke yo ba ou nan biwo enpo a. / number di Crib)
  • Rapò konfimasyon biwo SVB
  • 50, floren- Frè
  • Kopi kat d idantite direktè a ki poko espire oswa moun ki responsab biznis la (PA paspò)
  • Adrès ofisyèl kay direktè a oswa moun ki responsab asosiyasyon an
  • Salè/antre/onorè direktè oubyen moun ki responsab asosiyasyon an
  • Papye ki montre ki nivo edikasyon oswa fòmasyon ke ou rive
  • Adrès elektwonik asosiyasyon an
  • Nimewo telefòn asosiyasyon an
  • Si gen travayè non ak nimewo kat d idantite direktè travayè a

Sosyete kolektif avèk siyati / Vennootschap onder Firma (V. O. F.)

  • Pèmi establisman an
  • Sètifika enskripsyon nan  Chanm Komès la (orijinal ak Tenm epi siyati Chanm Komès la, pa  mwens ke 6 mwa )
  • Sètifika enpo  (nimewo taks ke yo ba ou nan biwo enpo a. / number di Crib)
  • Rapò konfimasyon biwo SVB
  • 50, floren- Frè
  • Kopi kat d idantite direktè a ki poko espire oswa moun ki responsab biznis la (PA paspò)
  • Adrès ofisyèl  kay direktè a oswa moun ki responsab biznis  la
  • Salè/antre/onorè direktè oubyen moun ki responsab biznis la
  • Papye ki montre ki nivo edikasyon oswa fòmasyon ke ou rive
  • Adrès elektwonik establisman an
  • Nimewo  telefòn  establisman an
  • Si gen travayè, non  ak nimewo kat d idantite  travayè a

Fondasyon  

  • Pèmi  fondasyon  an
  • Sètifika enskripsyon nan Chanm Komès la (orijinal ak tenm epi siyati Chanm Komès la, mwens ke 6 mwa)
  • Sètifika enpo  (nimewo taks ke yo ba ou nan biwo enpo a. / number di Crib)
  • Rapò  konfimasyon biwo SVB
  • 50, floren- Frè
  • Kopi kat d idantite direktè a ki poko espire oswa moun ki responsab fondasyon  an (PA paspò)
  • Adrès ofisyèl  kay prezidan an oswa youn nan manm direktif   la
  • Salè/antre/onorè prezidan an oubyen moun ki responsab fondasyon an
  •  Papye ki montre ki nivo edikasyon oswa fòmasyon ke ou rive
  • Adrès elektwonik fondasyon an
  • Nimewo telefòn  fondasyon an
  • Si gen travayè, non ak nimewo kat d idantite travayè a

Fondasyon prive / Stichting Particulier Fonds 

  • Pèmi pou fondasyon an
  • Sètifika enskripsyon nan  Chanm Komès la (orijinal ak Tenm epi siyati Chanm Komès la, pa  mwens ke 6 mwa )
  • Sètifika enpo  (nimewo taks ke yo ba ou nan biwo enpo a. / number di Crib)
  • Rapò konfimasyon biwo SVB
  • 50, floren- Frè
  • Kopi kat d idantite prezidan an ki poko espire oswa moun ki responsab fondasyon  an (PA paspò)
  • Adrès ofisyèl kay prezidan an oswa youn nan manm direktif la
  • Salè/antre/onorè prezidan an oubyen moun ki responsab biznis la
  • Papye ki montre ki nivo edikasyon oswa fòmasyon ke ou rive
  • Adrès elektwonik fondasyon  an
  • Nimewo  telefòn  fondasyon  an
  • Si gen travayè, non  ak nimewo kat d idantite travayè a

Sosyete an Patenarya / Maatschap

  • Pèmi  Sosyete a
  • Sètifika enskripsyon nan  Chanm Komès la (orijinal ak Tenm epi siyati Chanm Komès la,pa  mwens ke 6 mwa )
  • Sètifika enpo  (nimewo taks ke yo ba ou nan biwo enpo a. / number di Crib)
  • Rapò  konfimasyon biwo SVB
  • 50, floren- Frè
  • Kopi kat d idantite direktè a ki poko espire oswa moun ki responsab Sosyete a (PA paspò)
  • Adrès ofisyèl  kay direktè a oswa moun ki responsab Sosyete a
  • Salè/antre/onorè direktè oubyen moun ki responsab Sosyete a
  • Papye ki montre ki nivo edikasyon oswa fòmasyon ke ou rive
  • Adrès elektwonik Sosyete a
  • Nimewo  telefòn  Sosyete a
  • Si gen travayè, non  ak nimewo kat d idantite  travayè a

Koperatif / Koperativa

 

  • Pèmi  koperatif la
  • Sètifika enskripsyon nan  Chanm Komès la (orijinal ak Tenm epi siyati Chanm Komès la,pa  mwens ke 6 mwa )
  • Sètifika enpo  (nimewo taks ke yo ba ou nan biwo enpo a. / number di Crib)
  • Rapò  konfimasyon biwo SVB
  • 50, floren- Frè
  • Kopi kat d idantite direktè a ki poko espire oswa moun ki responsab koperatif la (PA paspò)
  • Adrès ofisyèl  kay direktè a oswa moun ki responsab koperatif la
  • Salè/antre/onorè direktè oubyen moun ki responsab koperatif la
  • Papye ki montre ki nivo edikasyon oswa fòmasyon ke ou rive
  • Adrès elektwonik koperatif la
  • Nimewo  telefòn  koperatif la
  • Si gen travayè, non ak nimewo kat d idantite  travayè a

Kesyon o sijè rejistrasyon konpayi a

Si ou gen kesyon sou zafè anrejistreman konpayi a, pran kontak ak  Ministè Travay ak Byennèt Sosyal (SOAW).
Orè
Ouvè pou piblik la, lendi rive jedi:
8:00 AM – 11:00 AM
2:00 PM – 4:00 PM

Vandredi:8:00 AM – 11:00 AM
Nou fèmen pou piblik la nan apre midi

Ou ka vizite nou nan Edifis  La Ganga Prinsenstraat 86, anfas  Mac Donalds L-1

Telefòn: +599 9 434 0300
Neem contact met ons op

Aanvragen Tewerkstellingsvergunning (nl)Vereistenlijst bij een versnelde procedure voor een tewerkstellingsvergunning (nl)Vereistenlijst bij een verlengingsaanvraag voor een tewerkstellingsvergunning (nl)Vereistenlijst bij een eerste aanvraag voor een tewerkstellingsvergunning (nl)Aanvragen Ontslagvergunning (nl)Ordenanza para la inscripción de empleados (sp)Kosteloze Rechtskundige Bijstand (nl)Dokumento rekerí pa saka un buki di trabou (pap)Bezwaarschrift Tewerkstellingsvergunning (nl)Registrashon di kompania (pap)Bedrijvenregistratie (nl)The Registration of Companies (en)Anrejistreman yon konpayi (kreyol)Arbeidsregeling: Basiswetten (nl)Klachten (nl)Landsverordening tot Inschrijving Arbeidskrachten (nl)